Ala Bèl Glwa Mache Ak Jezi

 


1.Ala bèl glwa mache ak Jezi !
Li vèse san l pou mwen;
Nanm mwen pran plezi nan li chak jou,
Se gran jwa lè Jezi kote mwen,
Li ak mwen toupatou.
Glwaradye! Se yon bèl glwa pou mwen.



Ala bèl glwa mache ak Jezi! (2 fwa)
Li kondwi m nan tout chemen,
Li kenbe m sa sèten;
Ala bèl glwa mache ak Jezi.


2.Ala bèl glwa, menm lè li fènwa,
Pou m konnen li tou pre;
Alò m priye ak konfyans, ak fwa;
Ala bèl glwa, santi li tou pre
Lè chemen mwen plen jwa.
Glwaradye! Se yon bèl glwa pou mwen.


3.Ala bèl glwa, lè lakay Bondye,
Ak li m a va mache,
Pou toujou kote l m a va rete;
Sa va yon mèvèy lè m ap chante
Pou tout letènite.
Glwaradye! Se yon bèl glwa pou mwen.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *